Chemen Lajan
Komansman

Kijan Ou ka Enskri

Nap diw byenvini nan mond sa , kote posibilite pou ou fe lajan anliy yo san limit . Sou sit entenet CHEMEN LAJAN an , nou pran swen nou pou nou kreye chak fomasyon ak tout presizyon posib ,jis pou nou ka byen akonpanyew nan domenn fe lajan anliy la. WI, nou konnen chak moun gen konsepsyon pa yo de kijan ak ki kantite lajan yo vle fe . se poutet sa nou kreye plizye kalte kou kote wap jwenn youn ki reponn ak bezwen ou genyen an kanmenm .

Vwayaj sa ou ap antame a , gen anpil bagay ou pral dekouvri kew pat konnen si yo posib pouw fe lajan ave yo , konsa tou gen anpil defi ak pwoblem ou ka rankontre tou men sak enpotan se paske ou pral jwenn chans pouw aprann de chak sitiyasyon sa yo epi itilize yo nan avantaj ou pou chanje laviw .menm siw pat konn anyen nan koze fe lajan sou entenet oubyen ou deja konnen men ou vle vin pi maton nan domenn nan wapjwenn bon bet anndan fomasyon nou yo kap edew atenn libete ekonomik ak finansye wap chache a anliy .

Pou ou kapab komanse swiv Fomasyon nou yo . nou envitew senp sa yo ki ap pemet ou enskri nan fomasyon nou yo . nou rete kwe di tankou yon fe ke aprann anliy kapab youn nan pgwo zam ke chak ayisyen kapab itilize pou chanje lavi yo .

Fomasyon nou yo pa selman yon seri videyo leson.nou antre nan manman koze yo avew kote nou pataje pwop eksperyans nou avew pou edew jwenn rezilta pi rapid .

Parew pouw dekouvri yon mond kote  opotinite pouw fe lajan yo senp e kote chak leson ou swiv sou site nou an edew vin pi pre reyalizasyon rev ou yo .

Byenvini sou Chemen Lajan kote siksew se priyorite nou e kote nou soutniw e akonpanyew a chak etap ou ap antreprann jistanw jwenn rezilta tout bon .

Fomasyon

Etap pou ou Benefisye Fomasyon Nou yo .

01.

Sou sit Chemen Lajan , tout fomasyon nou yo gen yon sel objektif : Moutrew kijan ou ka fe lajan online . vizite chak kategori fomasyon epi chwazi sa ou anvi aprann nan.

02.

Le ou fini chwazi fomasyon ou vle swiv nan. pran sanw pou ou li videyo ak text ki pale de kis ki anndan fomasyon an e komanw ka itilize resous nou pataje ave ou yo pouw jwenn pi bon rezilta . Asirew ke kontni nou pwopozew yo reponn ak saw wap chache a aprann nan .

03.

Le ou fin byen li e konprann kontni ki gen anndan fomasyon an. wap ranpli fomile ki genyen an epi verifye ke ou byen mete enfomasyon ou yo . sitou pou imel wap itilize pou ou enskri an .

04.

Le ou fin Ranpli tout kondisyon ki nan Fomile a . wap soumet li epi menm kote a wap tou rive sou Dashboard ou kote pou ou komanse swiv fomasyon ki enteresew lan .

05.

Chak modil , chak chapit kou yo toujou gen yen yon seri de travay pratik ke nou ankourajew pa neglije fe yo paske wap tou jwenn eksperyans ak rezilta depi premye videyo wap swiv lan .jistan ou fin devlope pwop zel paw pouw vole .

06.

Nou pa pwomet pou nou few rich , men nou baw garanti depi ou pran sanw aplike sa nou ap moutrew nan fomasyon nou yo . oupaka pa jwenn rezilta ki ap edew fe lajan sou entenet tou bon .

faq

Kesyon yo poze nou souvan .

Pou ou swiv fomasyon nou yo anliy wap : 

  • Moute sou site nou www.chemenlajan.com 
  • vizite kategori kou ki disponib yo 
  • chwazi kou ki enteresew lan 
  • ajoute kou a nan panyew epi swiv enstriksyon pou peyman yo .
  • Konfime peyman epi tou kreye kont ou

Nou ofri plizye kou ki baze sou koman ou ka fe lajan sou entenet selman tankou : Marketing , E-commerce ,Trading ,Crypto ,elatriye . vizite kategori kou nou yo kounya .

Pifo kou nou yo se pou moun ki ap fenk komanse .
men konsa tou gen nan yo ki konn mande pouw genyen kek konesans nan kek domenn byen detemine 

al li deskripsyon chak ko pou ou ka konn kisa wap bezwen pou ou swiv li .

Lew fin enskri , wap konekte sou kont etidyan ou ak imel/modpas ou te kreye a .wap jwenn tout detay ak resous ki anndan kou a . 

wap ka komanse swiv kou a menm kotew enskri a .

wi , jan nou kreye fomasyon an . ouka chwazi swiv l le ou vle ak ritm ou vle . selman ou dwe toujou veye pou ou gen akse ak imel ou te itilize pou ou enskrisou site lan .

gen plizye mwayen pou ou kontakte nou . ou kapab ekri nou nan paj kontak nou . oubyen sou whatsapp , telegram ak facebook . 

plis anndan chak kou genyen yon chat ki pemet ou poze coach lan kesyon direkteman sna ou pa bezwen kite sit la .

wi , nou akonpanye chak etidyan nou yo jistan yo devlope pwop zel pa yo .oubyen le yo di nouyo pa bezwen ed nou anko .

nap ankourajew konsilte paj sou politik ranbousenou an .
an jeneral nou ofri yon perydo refleksyon kote nou ba ou opotinite pou ou mande ranbousman si ou estime kou nou an pa kadre ak saw te atann nan.

wi , apre chak fomasyon ou fin swiv . nou ofriw yon setifka ke ou ap kapab pataje sou pwofil pwofesyonel ou .

Ou Gen Plis Kesyon ?

Ranpli Fom ki anba a pou kontakte nou .